Sòm 106:13-31

Sòm 106:13-31 HAT98

Men, lamenm, yo bliye sa l te fè pou yo. Yo pat tann li fin fè pou yo sa l te gen nan lide l. Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo. Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo. Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a. Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo. Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo. Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a. Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb. Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip, mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la. Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l pou l pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo. Yo pat vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pat kwè pawòl Bondye. Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pat vle koute Senyè a. Lè sa a, Senyè a leve men l, li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a. L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje. Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou yal adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo. Sa te moute kòlè Senyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo. Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri. Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.