Sòm 104:1-23

Sòm 104:1-23 HAT98

Kite m di Senyè a mèsi! Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. Ou bati kay ou sou nyaj yo ki plen dlo. Ou pran nyaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l. Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo. Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loray ou gwonde, yo met deyò. Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y'al pran plas ou te pare pou yo. Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò. Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo. Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo. Zwazo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo. Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou. Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs. Pyebwa Senyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen. Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo. Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo. Ou te fè lalin pou l make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l kouche. Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo sòti deyò. Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. Lè solèy leve, yo wete kò yo, y'al kouche nan twou yo. Moun sòti pou y'al travay, wi, pou y'al travay jouk solèy kouche.