Sòm 100

100
SÒM 100 (99)
Mèsi Bondye
(1a) Se #Sòm 66.1; 95.1,2 yon sòm pou di Bondye mèsi.
1(1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.
2Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan!
Vini non! Fè fèt devan li!
3Pa #1 Wa 18.39; Jòb 10.8,9; Eza 43.1; Eze 34.30,31; Ef 2.10 janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye.
Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye.
Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.
4Antre nan Tanp li, di l mèsi!
Antre kote ki apa pou li a, chante pou li!
Wi, fè lwanj li, di l mèsi!
5Senyè a #Sòm 25.8; 106.1 gen bon kè,
li p'ap janm sispann renmen nou.
De pitit an pitit,
l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 100: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an