Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen. Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou. Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l fache. Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi? Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l konprann sa li fè a pa anyen. Zanmi rale zòrèy ou pou byen ou, men lènmi pase men nan kou ou pou woule ou. Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch. Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwazo ki byen lwen nich li. Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouray. Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen. Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m yo. Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye. Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.
Li Pwovèb 27
Koute Pwovèb 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 27:1-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo