Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye. Bondye konnen lè pou l kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo. Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa. Wete tout vye kras ki nan ajan an. Ofèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt. Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l lan ap chita byen chita. P'ap gen lenjistis.
Li Pwovèb 25
Koute Pwovèb 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 25:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo