Pwovèb 20:1-7
Pwovèb 20:1-7 HAT98
Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouya, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou. Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal. Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont. Parese pa pare tè li lè pou l te pare l, li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l. Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò. Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans. Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.

