Filipyen 4

4
Kèk konsèy
1Se pou sa, frè m yo ak zanmi m yo, nou #2 Kor 1.14; 1 Tes 2.19,20 menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a.
2M'ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakò tankou de sè k'ap viv ansanm nan Senyè a. 3Ou #Sòm 69.28; Lik 10.20 menm tou k'ap travay ansanm avè m, mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bòn nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.
4Se #Fil 3.1; 2 Kor 13.11 pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
5Se #Eb 10.37; Jak 5.8,9 pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan. 6Pa #Mat 6.25-34; Kol 4.2; 1 Pyè 5.7; Sòm 145.18; Jan 14.27 bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. 7Konsa, #Kol 3.15 Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
8Pou #Wòm 12.17 fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont. 9#1 Tes 5.23; Wòm 16.20; 1 Kor 14.33 tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m, ni sa nou te tande m di ak tou sa nou te wè m fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou.
Pòl di moun lavil Filip yo mèsi
10Mwen pat manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Senyè a, paske nou vin fè m wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m non. Men, nou pat ankò jwenn okazyon fè m wè jan nou fèb pou mwen. 11Si #1 Tim 6.6 nou wè m'ap pale konsa, se pa paske kounyeya mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m aprann kontante tèt mwen ak sa m genyen. 12Mwen #2 Kor 6.10 konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m bezwen, nan tout sikonstans m aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. 13Nenpòt #2 Kor 12.10; 2 Tim 4.17 sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
14Malgre sa, nou byen fèt ede m nan traka m yo. 15Nou #2 Kor 11.9 menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedouàn, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bòn nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m pou sa m te fè pou nou. 16Lè m te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m te bezwen ban mwen. 17Se #1 Kor 9.11 pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. 18Wi, #Egz 29.18; Eze 20.41; Fil 2.25 mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m te bezwen. Kounyeya, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l plezi. 19Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri. 20Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.
Pòl voye yon dènye bonjou
21Bonjou pou pèp Bondye a k'ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frè ki la avè m yo voye bonjou pou nou. 22Tout #Fil 1.13 pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou.
23Se pou benediksyon Jezikri, Senyè a, toujou avè nou.

Chwazi Kounye ya:

Filipyen 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an