Se pou sa, frè m yo ak zanmi m yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakò tankou de sè k'ap viv ansanm nan Senyè a. Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m, mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bòn nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.
Li Filipyen 4
Koute Filipyen 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filipyen 4:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo