Sa Bondye ye a, se sa l te toujou ye. Men, li pat janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l te chache kenbe ak tout fòs. Okontrè, se li menm menm, poutèt pa li, ki te chwazi mete sa sou kote. Li te pito desann li fè tèt li tounen sèvitè. Li vin menm ak tout moun. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a. Se poutèt sa, Bondye leve l mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
Li Filipyen 2
Koute Filipyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filipyen 2:6-11
3 days
Maybe God isn’t who you think He is. Maybe He’s much better. This devotional will help identify some Christian clichés we’ve all heard that are actually unbiblical lies. These clichés may seem innocent, but are harmful to our faith and keep far too many believers stuck in spiritual immaturity. Learn to encounter these lies with the truths about God in the Bible, to bring encouragement and freedom to our lives.
3 Jou
Liv Estè a se yon bèl istwa ki chita sou kouraj ak lanmou nou jwenn nan istwa Jezi a. Nan plan lekti twa jou sa a, Doktè Kwasi Amoafo ap eksplore kijan istwa liv Estè a nan Ansyen Testaman an sanble kou de gout dlo ak levanjil la epi li se yon bon imaj sou redanmsyon espirityèl nou atravè Jezi, sila a ki te chache epi jwenn nou, ki te aji pou nou e ki te sove nou lè nou te san espwa e nou pa t kapab sove pwòp tèt nou .
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo