Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote. Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Senyè a, pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou. Paske m tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Senyè Jezi. M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Se pa ti kontan m te kontan, sa te ankouraje m anpil, frè mwen, lè m tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouray yo anpil.
Li Filemon 1
Koute Filemon 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filemon 1:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo