Filemon 1:1-7
Filemon 1:1-7 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote. Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Senyè a, pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou. Paske m tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Senyè Jezi. M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Se pa ti kontan m te kontan, sa te ankouraje m anpil, frè mwen, lè m tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouray yo anpil.
Filemon 1:1-7 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Moi, Paul, prisonnier du Christ Jésus, j’écris cette lettre avec Timothée, notre frère. Elle est pour toi, Philémon, notre ami qui travailles avec nous. Elle est aussi pour Appia, notre sœur, et pour Arkippe qui combat avec nous. Elle est encore pour la communauté qui se réunit dans ta maison. Que Dieu notre Père et le Seigneur Jésus-Christ vous bénissent et vous donnent la paix ! Philémon, quand je prie, je dis toujours ton nom et je remercie mon Dieu à cause de toi. En effet, j’entends parler de ton amour pour tous les croyants et de ta foi envers le Seigneur Jésus. Je demande à Dieu que cette foi qui nous unit, toi et moi, donne de bons résultats. Fais donc connaître tout le bien que nous pouvons réaliser pour servir le Christ. Frère, j’ai été très heureux et consolé parce que ton amour a encouragé les chrétiens.
Filemon 1:1-7 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou. Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris. Se pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè nou an beni nou epi ban nou kè poze. Mwen toujou di Bondye mèsi pou ou, lè m ap priye, paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a. M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la. Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.
Filemon 1:1-7 New International Version (NIV)
Paul, a prisoner of Christ Jesus, and Timothy our brother, To Philemon our dear friend and fellow worker— also to Apphia our sister and Archippus our fellow soldier—and to the church that meets in your home: Grace and peace to you from God our Father and the Lord Jesus Christ. I always thank my God as I remember you in my prayers, because I hear about your love for all his holy people and your faith in the Lord Jesus. I pray that your partnership with us in the faith may be effective in deepening your understanding of every good thing we share for the sake of Christ. Your love has given me great joy and encouragement, because you, brother, have refreshed the hearts of the Lord’s people.
Filemon 1:1-7 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Paul, le prisonnier de Jésus-Christ, et Timothée, notre frère, saluent Philémon, notre cher ami et notre collaborateur, ainsi qu’Appia notre sœur, Archippe notre compagnon d’armes, et l’Eglise qui s’assemble dans ta maison. Que Dieu notre Père et le Seigneur Jésus-Christ vous accordent la grâce et la paix. Je ne cesse d’exprimer ma reconnaissance à Dieu lorsque je fais mention de toi dans mes prières, car j’entends parler de l’amour et de la foi dont tu fais preuve envers le Seigneur Jésus et envers tous les membres du peuple saint. Je demande à Dieu que la solidarité qui nous unit à cause de ta foi se traduise en actes et qu’ainsi tout le bien que nous t’aurons amené à faire pour Christ soit rendu manifeste. Car j’ai éprouvé une grande joie et un grand encouragement en apprenant comment tu mets ton amour en pratique. Frère, tu as en effet réconforté le cœur de ceux qui font partie du peuple saint.