Lè nou remoute nan tan Senyè a te pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, men moun ki te nan fanmi Arawon ak Moyiz.
Men non pitit Arawon yo: se te Nadab, pi gran an. Apre li vin Abiyou, Eleaza ak Itama. Se yo menm Bondye te chwazi, li te ba yo pouvwa pou yo te sèvi l prèt. Men, Nabad ak Abiyou te mouri nan dezè Sinayi a, lè yo te ofri bay Senyè a yon dife yo pat gendwa ofri ba li. Yo pa te gen pitit. Konsa, se Eleaza ak Itama ki te sèvi prèt ansanm ak Arawon, papa yo.
Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
— Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l nan travay l'ap fè a. Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a. Yo va reskonsab tout bagay ki anndan Tant Randevou a. Y'a fè tout travay moun Izrayèl yo ta gen pou yo fè nan Tant Randevou a. W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l yo. Wi, nan tout moun pèp Izrayèl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prèt yo pou toutan. Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l yo reskonsabilite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l.
Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò:
— Gade non! Nan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen chwazi moun fanmi Levi yo. Mwen pran yo nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Se pou mwen yo ye. Paske, tout premye pitit gason yo se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, mwen te mete tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo apa pou mwen, ansanm ak tout premye ti mal bèt yo fè. Se pou mwen menm yo tout ye.
Se mwen menm ki Senyè a.
Senyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l konsa:
— Ou pral fè resansman tout moun Levi yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. W'a konte tout gason depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo.
Moyiz fè resansman an dapre lòd Senyè a te ba li a. Li konte yo jan Senyè a te di l fè l la.
Men non twa pitit gason Levi yo: Se te Gèchon, Keyat ak Merari. Men non pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Se te Libni ak Chimèyi. Men non pitit Keyat yo ak tout fanmi yo: Se te Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Men non pitit gason Merari yo ak tout fanmi yo: Se te Makli ak Mouchi.
Men non fanmi moun Levi yo, dapre non zansèt yo.
Te gen de fanmi nan branch Gèchon an: Se te pitit Libni yo ak pitit Chimeyi yo. Se tout fanmi Gèchon yo sa. Lè yo konte gason yo, depi sa ki te gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn sètmil senksan (7.500) gason. Fanmi sa yo te rete dèyè kay Bondye a, sou bò solèy kouche. Se Elyasaf, pitit gason Layèl la, ki te chèf fanmi Gèchon yo. Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l yo, rido ki nan pòt devan Tant Randevou a, rido pou galeri ki fè wonn Tant Randevou a ak lotèl la, rido ki nan pòt devan galeri a ak tout kòday yo bezwen pou sèvi nan kay Bondye a.
Te gen kat fanmi nan branch Keyat la: Se te pitit Amram yo, pitit Jizeya yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo. Se tout fanmi Keyat yo sa. Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn witmilsisan (8.600) gason. Se yo ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Senyè a nan kay Bondye a. Fanmi sa yo te moute kan yo sou bò sid kay Bondye a. Se Elizafan, pitit gason Ouzyèl la, ki te chèf fanmi Keyat yo. Se yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sèt branch lan, lotèl yo ak tout bagay ki sèvi nan kote ki apa nèt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avèk rido yo.
Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Senyè a.
Te gen de fanmi nan branch fanmi Merari a: se te pitit Makli yo ak pitit Mouchi yo. Se tout fanmi Merari yo sa. Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn simil desan (6.200) gason. Se Zouryèl, pitit gason Abikayil la, ki te chèf fanmi Merari yo. Yo te moute kan yo sou bò nò kay Bondye a. Se yo ki te reskonsab ankadreman pou soutni kay Bondye a, travès yo, poto yo, sipò yo ak tout rido yo ansanm ak tout bagay ki sèvi ak yo. Yo te reskonsab poto, sipò, pikèt ak kòd pou soutni galeri yo tou.
Moyiz, Arawon ak pitit gason l yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo.
Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Senyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil (22.000) gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.