Nonb 26:1-4
Nonb 26:1-4 HAT98
Apre epidemi an, Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa: — Nou pral fè resansmam tout pèp Izrayèl la. Koumanse sou gason laj ventan ki bon pou al nan lagè, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou al nan lagè. Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Mowab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleyaza, prèt la, ba yo lòd pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te sòti kite peyi Lejip

