Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Nonb 20:6-12

Nonb 20:6-12 HAT98

Moyiz ak Arawon pati kite pèp la, y'ale devan pòt Tant Randevou a. Yo lage kò yo fas atè, epi bèl limyè prezans Bondye a parèt sou yo. Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo sòti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo. Moyiz pran baton ki sou devan lotèl la, jan Senyè a te ba li lòd la. Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: — Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo sòti nan wòch sa a pou nou? Moyiz leve men l, li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou. Men, Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa: — Paske nou pat fin gen konfyans nèt nan mwen pou n te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a.

Li Nonb 20

Koute Nonb 20

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 20:6-12

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo