Apre sa Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
— Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an, lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l apa pou nou fè Senyè a kado. Chak lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fenk rekòlte a, n'a mete l apa pou nou fè Senyè a kado, jan nou fè l pou grenn ki pase sou glasi. Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Senyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi kounyeya ak pou tout tan.
Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Senyè a te bay Moyiz yo, lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè: Si se tout pèp la ki fè sa li pa te dwe fè san li pa fè espre, yo tout ansanm, y'a ofri yon jenn ti towo pou yo boule nèt pou Senyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife, bon sant li ap fè Senyè a plezi. Y'a ofri li ansanm ak ofrann danre ak bwason ki pou mache avè li a. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la. Prèt la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pat fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Senyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Senyè a san yo pat fè espre a. Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an. Si se yon moun ki fè sa l pat dwe fè san li pa fè espre, l'a gen pou l ofri yon ti fenmèl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l te fè a. Prèt la va pote ofrann lan devan Senyè a, l'a touye bèt yo ofri pou peche moun lan te fè san li pat fè espre a, epi Bondye va padonnen l sa l te fè a. Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pat dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.
Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pat dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Senyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la. Paske li refize tande sa Senyè a te di a, li fè sa li konnen li pat dwe fè. Dapre lòd Senyè a, se pou yo touye l. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.
Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a. Moun ki te bare l yo mennen l bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo. Yo pran mesye, yo mete moun veye l, paske yo pat fin konnen sa pou yo te fè avè l. Lè sa a, Senyè a di Moyiz konsa:
— Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen mesye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l kout wòch jouk li mouri.
Se konsa tout moun yo fè mesye sòti andeyò limit kan an, epi yo kalonnen mesye kout wòch jouk li mouri, jan Senyè a te ba yo lòd la.
Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
— Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit. Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Senyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou. Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an.
Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la pou m te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.