Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etyopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa. Yo t'ap di konsa:
— Eske se sèlman Moyiz Senyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou?
Senyè a tande sa yo t'ap di a. Men Moyiz se yon nonm ki pat grandizè. Pat gen pase l sou latè. Senyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo:
— Nou twa sa yo, sòti non. Ale nan Tant Randevou a.
Yo twa a ale vre. Senyè a desann nan yon gwo nyaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li. Li di yo konsa:
— Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l. Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la. Mwen pale avè l aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m lan, mal?
Senyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l ale. Nyaj la leve anwo tant lan, l ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li. Arawon di Moyiz konsa:
— Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pat la! Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l manje.
Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l konsa:
— Bondye, tanpri, geri l non!
Men, Senyè a di Moyiz:
— Si se te papa li ki te krache nan figi li, li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben se pou yo fèmen li poukont li pandan sèt jou yon kote deyò limit kan an. Apre sa, y'a kite li retounen.
Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pat leve pati toutotan yo pat kite Miryam tounen nan kan an ankò. Apre sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.