Nonb 10:29-32

Nonb 10:29-32 HAT98

Moyiz rele bòfrè li a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l konsa: — Nou pral pati la a pou n'ale nan peyi Senyè a te di l'ap ban nou an. Senyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou. Obab reponn li: — Non. M'ap tounen nan peyi m al jwenn fanmi m. Moyiz di l konsa: — Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid. Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Senyè a ap ban nou.