Neyemi 13:1-18

Neyemi 13:1-18 HAT98

Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Mowab yo pa janm gendwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble. Paske moun Amon ak moun Mowab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap kite peyi Lejip la. Okontrè yo bay Balaram lajan pou li te madichonnen yo. Men bondyefè tou, Bondye nou an vire madichon an, li fè li tounen benediksyon. Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò. Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen Tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija. Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan Tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija. Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa te lavil Jerizalèm paske, lè lanperè Atagzèsès rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote li. Kèk tan apre sa, li ban mwen otorizasyon ankò, epi m tounen lavil Jerizalèm. Se lè sa a mwen vin konnen move bagay Elyachib te fè a, lè li te pran yon chanm nan lakou Tanp Bondye a pou l te bay Tobija rete. Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari. Lèfini, mwen bay lòd pou yo fè sèvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sèvis Tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankò. Mwen vin konnen tou pèp la pat bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo. Mwen rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe Tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m fè yo tounen nan Tanp lan vin fè travay yo. Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a. Mwen chwazi twa moun: Chelemya, yon prèt, Zadòk, yon dirèktè lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lòt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nèg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prèt ak moun Levi parèy yo. Se poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m, tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou Tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m nèt pou sèvi ou! Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a. Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a. Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: — Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non! Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Kounyeya n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!