Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouray nou sou nou! Paske, Senyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo. Vanyan sòlda l yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj vyolèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y'ap vin pou atake nou! Y'ap souke zam yo nan men yo. Cha lagè yo ap vini ak gwo vitès nan plenn yo. Yo kouri ale sou plas piblik yo. Yo klere tankou bwa chandèl tou limen. Y'ap pase kouri tankou zèklè. Yo chonje rele chèf lame yo. Nan prese vini yo, yonn ap frape ak lòt. Yo kouri ale bò miray ranpa yo. Yo pare plak pwotèj pou y'al defonse pòtay yo. Pòtay ki bay sou larivyè a louvri granbatan. Tout moun nan palè a gen kè kase. Yo fè larenn lan prizonye. Yo pati avè l. Sèvant li yo ap plenn, y'ap kriye. Y'ap bat lestonmak yo sitèlman yo nan lapenn. Tankou dlo rezèvwa koule k'ap fin pèdi, moun ap kouri sove kite lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Nou mèt rete! Men yonn menm pa kase tèt tounen. Piye tout lajan an. Piye tout lò yo. Yo gen yon richès ki poko prèt pou fini, yon pakèt bèl bagay ki koute chè. Y'ap piye lavil la. Y'ap masakre moun. Y'ap devaste li nèt. Fòs tout moun ap faya. Moun yo ap demanbre. Y'ap tranble. Tout figi ap dekonpoze. Kounyeya, kote twou kachèt lyon yo ye a, twou nich kote ti lyon yo manje a, twou kote lyon yo ansanm ak ti lyon yo te konn ale pou pèsonn pa ka fè yo anyen an? Lyon an te konn dechire vyann bèt yo pou pitit li yo, li te konn trangle bèt pou fenmèl lyon yo. Lè konsa yo plen twou yo ak bèt yo pran, yo plen nich yo ak moso vyann dechikte. Kounyeya, se mwen menm k'ap regle ak nou! Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Moun pral boule tout cha lagè nou yo nan dife. Nan lagè a, m'ap fè yo touye tout jenn ti lyon nou yo. M'ap rache nan men nou tou sa nou te pran lakay lòt yo. Yo p'ap janm tande vwa delege nou yo ankò nan okenn peyi sou latè.
Li Nawoum 2
Koute Nawoum 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nawoum 2:1-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo