Mak 9:30-50

Mak 9:30-50 HAT98

Yo sòti kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pat vle moun konnen kote li te ye, paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò. Men, disip yo pat konprann sans pawòl sa a: epi yo te pè poze l kèsyon. Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: — Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an? Pesonn pa louvri bouch yo reponn. Paske, sou wout la, yo t'ap fè diskisyon pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans. Lè sa a, Jezi chita, li rele douz disip li yo epi li di yo: — Si yon moun vle premye plas, fòk li mete li pi ba pase tout moun, fòk li fè li sèvitè tout moun. Epi li pran yon timoun piti, li mete l nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l, li di yo konsa: — Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m lan li resevwa. Jan di l konsa: — Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou. Jezi reponn li: — Kite l non. Paske yon moun ki pran non m pou fè mirak pa kapab pale m mal apre sa. Moun ki pa kont nou, se moun pa nou li ye. Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gendwa pèdi rekonpans li. — Imajine yon moun ki ta fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an tonbe nan peche! Franchman, prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè. Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l, voye l jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. [ Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.] Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l, voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. [ Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.] Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Paske tout moun gen pou pase nan dife. Tout moun ap pase nan sèl. — Sèl, se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n sale l ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.