Men Jezi pran men nonm lan, li fè l sòti nan mitan foul moun yo, li mennen l sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. Apre sa, li leve je l nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: — Efata! (Ki vle di: Louvri!) Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang li deleye nan bouch li epi li pran pale trè byen. Jezi te mande yo tout pou yo pat di pèsonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la. Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: — Nonm sa a fè tout afè l byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.
Li Mak 7
Koute Mak 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 7:33-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo