Mak 7:31-35

Mak 7:31-35 HAT98

Jezi kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan zòn Dekapòl. Li tounen lòt bò lanmè Galile. Yo mennen yon nonm ba li. Nonm lan te soud, li te bèbè. Yo mande Jezi poze men sou li. Men Jezi pran men nonm lan, li fè l sòti nan mitan foul moun yo, li mennen l sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. Apre sa, li leve je l nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: — Efata! (Ki vle di: Louvri!) Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang li deleye nan bouch li epi li pran pale trè byen.