Mak 7:1-23

Mak 7:1-23 HAT98

Farizyen yo ak kèk dirèktè lalwa te sòti Jerizalèm. Yo sanble bò kote Jezi. Yo wè te gen nan disip li yo ki t'ap manje ak men yo tou sal, san lave yo. Farizyen yo ak tout lòt jwif yo pat janm manje san yo pat lave men yo byen lave. Nan sa, yo t'ap swiv koutim granmoun lontan yo. Lè yo sòti nan mache, sa pat bon nonplis pou yo te manje san yo pat pran yon beny anvan. Yo te gen yon bann lòt koutim konsa ankò yo t'ap swiv. Pa egzanp, yo te gen yon jan pou yo lave chak bagay, yon jan pou gode yo, yon jan pou krich yo, yon jan pou mamit yo, yon jan pou lave menm kabann yo. Se sa k fè, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo mande Jezi: — Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Men y'ap manje ak men yo tou sal. Jezi reponn yo: — Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte m, men kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. Jezi di yo konsa: — Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli. Li di yo tou: — Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo. Tande byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l ak manman l mal, se pou yo touye li. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Tou sa m ta gen pou m ede ou la, li kòban (ki vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye), nan ka sa a, li pa bezwen fè anyen pou papa l osinon manman li. Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò. Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l ankò. Li di yo konsa: — Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a. Manyè konprann sa. Se pa sa ki antre anndan yon moun lè li manje ki ka mete li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye. [ Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.] Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a. Li di yo: — Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Paske manje pa antre nan kè moun. Se nan vant li pase. Apre sa, li watè li yon kote. Se konsa Jezi fè konprann tout manje bon Li di yo ankò: — Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide sòti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètinay, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa sòti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an