Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Mak 6:35-44

Mak 6:35-44 HAT98

Lè li te konmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la. Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: — Poukisa nou menm, nou pa ba yo manje pito? Disip yo reponn li: — Ou ta vle pou n'al achte mil (1000) goud pen bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo: — Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l konsa: — Nou gen senk pen ak de pwason. Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip yo fè moun yo fè ti gwoup chita sou zèb la. Moun yo menm chita fè gwoup senkant, gwoup san. Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. Te gen senkmilòm ki te jwenn pen pou yo manje.

Li Mak 6

Koute Mak 6

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:35-44

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo