Mak 4:1-20

Mak 4:1-20 HAT98

Jezi rekòmanse preche bò lanmè Galile ankò. Foul moun ki te rasanble bò kote li te sitèlman anpil, li te blije moute chita sou yon kannòt nan lanmè a. Foul la menm te rete atè sou rivaj la. Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa: — Koute! Yon nonm sòti pou l'al simen grenn nan jaden li. Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pat gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pat fon. Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasin yo pat fon. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pat ka donnen. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100). Apre sa, Jezi di yo konsa: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l yo ansanm ak douz disip li yo di li: — Esplike nou parabòl sa a non. Li di yo: — Nou menm yo bay sekrè Peyi kote Bondye Wa a. Men moun ki deyò yo, se sèl parabòl la yo tande. Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo. Apre sa, Jezi di yo: — Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute! Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen. Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l, Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch. Lè yo fenk tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men, yo pa kite l pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a. Yo tande pawòl la, yo resevwa l epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an