Apre sa, Jezi retounen sinagòg la ankò. Te gen yon nonm men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap veye pou wè si Jezi t'ap geri nonm lan jou Saba a pou yo te ka akize li. Jezi di nonm men pòk la: — Leve vin kanpe nan mitan. Epi li di moun ki te la yo: — Kisa moun gen lalwa fè jou saba? Sa ki byen osinon sa ki mal? Sove lavi yon moun osinon kite li mouri? Men okenn moun pa louvri bouch yo di krik. Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l sou yo tout: sa te fè l lapenn pou l te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri. Menm lè a, farizyen yo soti kite sinagòg la. Y'al fè konplo ak moun Ewòd yo pou wè kijan yo ka rive touye Jezi. Jezi menm, li soti ak disip li yo, l' ale bò lanmè Galile. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide, moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazinay lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l t'ap fè. Jezi mande disip yo mete yon kannòt apa pou li dekwa pou foul la pa kwense li twòp. Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. Chak fwa move lespri yo te wè l, yo te tonbe nan pye l ap plede rele: — Ou se pitit Bondye a. Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pat di ki moun li te ye. Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li. Li chwazi douz nan yo pou mache ak li epi pou li voye yo bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase demon.
Li Mak 3
Koute Mak 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 3:1-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo