Mak 16:2-7
Mak 16:2-7 HAT98
Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fenk ap leve, medam yo ale nan kavo a. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou? Lè yo leve je yo, yo wè yo te gentan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch. Yo antre nan kavo a, yo wè yon jennonm chita adwat. Li te gen yon wòb tou blan sou li. Medam yo te pantan, afòs yo te pè. Men jennonm lan di yo: — Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, nonm Nazarèt, yo te kloure sou kwa a? Enben, li pa isit la ankò. Li resisite. Gade! Men kote yo te mete li a. Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, l'al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l, jan l te di yo a.

