Fini jou saba a fini, Mari, moun Magdala, Mari, manman Jak ak Salome, achte lwil santi bon pou al anbonmen kò Jezi. Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fenk ap leve, medam yo ale nan kavo a. Yonn t'ap di lòt:
— Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou?
Lè yo leve je yo, yo wè yo te gentan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch. Yo antre nan kavo a, yo wè yon jennonm chita adwat. Li te gen yon wòb tou blan sou li. Medam yo te pantan, afòs yo te pè. Men jennonm lan di yo:
— Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, nonm Nazarèt, yo te kloure sou kwa a? Enben, li pa isit la ankò. Li resisite. Gade! Men kote yo te mete li a. Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, l'al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l, jan l te di yo a.
Medam yo sòti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pèsonn anyen tèlman yo te pè.
[ Nan dimanch maten, Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.) Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye. Men, yo pat vle kwè Mari, lè l te di yo:
— Jezi vivan, mwen wè l ak de je mwen.
Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò. Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pat ankò vle kwè toujou.
Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pat gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pat kwè moun ki te wè l yo apre li te leve sòti vivan pami mò yo. Epi li di yo:
— Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen. Moun ki kwè va fè anpil mirak. Y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. Y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
Apre Senyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, l'al chita sou bò dwat Bondye. Disip yo pati, y'al anonse Bòn Nouvèl la toupatou. Senyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.]