Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Mak 15:6-15

Mak 15:6-15 HAT98

Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès. Te gen yon nonm yo rele Barabas. Li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t'ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an. Foul moun yo moute lakay Pilat. Yo pran mande Pilat pou l lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a. Li reponn yo: — Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou? Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li. Men, chèf prèt yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas pito. Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: — Enben, kisa nou vle m fè avèk nonm yo rele wa jwif la? Yo rele byen fò: — Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: — Kloure l sou yon kwa! Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y'al kloure l sou yon kwa.

Li Mak 15

Koute Mak 15

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:6-15

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo