Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès. Te gen yon nonm yo rele Barabas. Li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t'ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an. Foul moun yo moute lakay Pilat. Yo pran mande Pilat pou l lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a. Li reponn yo: — Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou? Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li.
Li Mak 15
Koute Mak 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:6-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo