Mak 15:21-39

Mak 15:21-39 HAT98

Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap sòti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse mesye pote kwa Jezi a. Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la). Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l te bwè. Men, li pa pran li. Apre yo fin kloure li sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo. Yo fè tirajosò pou konnen sa ki t'ap vini pou yo chak. Li te nevè nan maten lè yo te kloure l sou kwa a. Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo! Yo te kloure Jezi nan mitan de ansasen, yonn sou chak bò. [ Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l ansanm ak mechan yo.] Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l. Yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: — Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l nan twa jou, sove tèt ou non, desann sou kwa a. Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l nan rizib. Yonn t'ap di lòt: — Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li! Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a kounyeya. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l tou. Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi. Vè twazè, Jezi rele byen fò: — Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l pale. Yo di: — Koute. Men l'ap rele Eli. Yonn nan yo kouri, l'al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Epi li di: — Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a! Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri. Rido nan Tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l wè Jezi mouri konsa, li di: — Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon.