Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l ale. Yo renmèt li bay Pilat. Pilat menm mande li: — Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li. Pilat mande l ankò: — Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou. Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Li Mak 15
Koute Mak 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo