Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li. Yo di l konsa: — Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo? Jezi reponn yo: — Mwen pral poze nou yon sèl kèsyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non. Men, yonn t'ap di lòt konsa: — Si nou reponn: Se Bondye ki voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè li. Epi si nou reponn se moun ki voye li...! Yo te pè reyaksyon pèp la. Paske tout moun yo te pran Janbatis pou yon pwofèt tout bon Lè sa a yo reponn Jezi: — Nou pa konnen. Jezi di yo: — Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.
Li Mak 11
Koute Mak 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 11:27-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo