Jezi antre lavil Jerizalèm. Lale nan tanp lan. Li voye je l sou tout bagay. Apre sa, l'ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta. Nan denmen, antan yo t'ap sòti Betani, Jezi te grangou. Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. L'al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l, se fèy ase li jwenn, paske se pat sezon fig frans. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: — Pèsonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l te di a. Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pat pèmèt pèsonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: — Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò.
Li Mak 11
Koute Mak 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 11:11-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo