Mak 11:1-19

Mak 11:1-19 HAT98

Yo te vanse rive Jerizalèm, bò bouk Bètfaje ak Betani. Yo te rive mòn Olivye. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo. Li di yo: — Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pèsonn poko janm moute sou li. Lage l, mennen l ban mwen. Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt li ki bezwen li. Epi l'a voye ti bourik la retounen touswit. Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li. Kèk moun ki te la di yo konsa: — Sa n'ap fè la a? Poukisa n'ap lage ti bourik la? Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale. Yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo pran rad sèvi panno mete sou do li, epi Jezi moute li. Anpil moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa, yo tann yo atè nan chemen an tou. Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele byen fò: — Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! Jezi antre lavil Jerizalèm. Lale nan tanp lan. Li voye je l sou tout bagay. Apre sa, l'ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta. Nan denmen, antan yo t'ap sòti Betani, Jezi te grangou. Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. L'al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l, se fèy ase li jwenn, paske se pat sezon fig frans. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: — Pèsonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l te di a. Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pat pèmèt pèsonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: — Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò. Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l. Paske yo te vin pè l, lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo. Lè solèy fin kouche, Jezi sòti kite lavil la ansanm ak disip li yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an