Yo te vanse rive Jerizalèm, bò bouk Bètfaje ak Betani. Yo te rive mòn Olivye. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo. Li di yo: — Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pèsonn poko janm moute sou li. Lage l, mennen l ban mwen. Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt li ki bezwen li. Epi l'a voye ti bourik la retounen touswit. Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li. Kèk moun ki te la di yo konsa: — Sa n'ap fè la a? Poukisa n'ap lage ti bourik la? Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale. Yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo pran rad sèvi panno mete sou do li, epi Jezi moute li. Anpil moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa, yo tann yo atè nan chemen an tou. Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele byen fò: — Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! Jezi antre lavil Jerizalèm. Lale nan tanp lan. Li voye je l sou tout bagay. Apre sa, l'ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta.
Li Mak 11
Koute Mak 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 11:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo