Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Mak 10:46-52

Mak 10:46-52 HAT98

Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap sòti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l Batime, pitit Time. Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: — Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. Anpil moun t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: — Pitit David la, gen pitye pou mwen. Jezi kanpe, li di konsa: — Rele l pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: — Pran kouray, leve, men l ap rele ou. Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l te vin bò kote Jezi. Jezi mande li: — Kisa ou vle m fè pou ou? Avèg la reponn li: — Mèt, fè m wè ankò. Jezi di li: — Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Li Mak 10

Koute Mak 10

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Mak 10:46-52

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo