Se konsa Jan vin parèt vre. Li t'ap batize moun nan dezè a. Li t'ap preche yo batèm repantans pou prepare yo jwenn padon peche yo. Tout moun zòn Jide ak lavil Jerizalèm te vin jwenn li. Jan batize yo larivyè Jouden pandan yo t'ap konfese peche yo avivwa. Jan te abiye ak po chamo epi yon sentiwon kwi nan ren li. Se krikèt ak siwomyèl mawon li t'ap manje pou viv. Li t'ap mache bay mesay sa a: — Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, l'a batize nou nan Sentespri a. Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan Galile. Jan batize li larivyè Jouden an.
Li Mak 1
Koute Mak 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 1:4-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo