Mak 1:1-45

Mak 1:1-45 HAT98

Men kòmansman bonnouvèl Jezikri, pitit Bondye a. Jan sa ekri nan pwofèt Ezayi a: Men li, m'ap voye mesaje m' lan devan ou. L'a pare wout la pou ou. Se vwa k'ap pale k'ap di nan dezè a: Se pou nou pare chemen Senyè a. Se pou nou trase tout ti wout yo byen plat. Se konsa Jan vin parèt vre. Li t'ap batize moun nan dezè a. Li t'ap preche yo batèm repantans pou prepare yo jwenn padon peche yo. Tout moun zòn Jide ak lavil Jerizalèm te vin jwenn li. Jan batize yo larivyè Jouden pandan yo t'ap konfese peche yo avivwa. Jan te abiye ak po chamo epi yon sentiwon kwi nan ren li. Se krikèt ak siwomyèl mawon li t'ap manje pou viv. Li t'ap mache bay mesay sa a: — Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, l'a batize nou nan Sentespri a. Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan Galile. Jan batize li larivyè Jouden an. Se konsa, soti Jezi soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri desann sou li sou fòm yon pijon. Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil. Touswit apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a. Li rete la pandan karant jou, epi se la satan vin ap teste li. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa, epi zanj Bondye yo t'ap pran swen li. Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a. Li t'ap di yo konsa: — Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la. Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile, li wè de pechè. Se te Simon ak frè li Andre. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen. M'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo. Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvriye yo. Y'ale avèk Jezi. Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize. Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: — Ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: — Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan peyi Galile a. Apre sa, yo sòti kite sinagòg la, y'ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre. Bèlmè Simon te kouche anba lafyèb. Rive Jezi rive lakay la, li di li sa. Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l, li fè l leve. Latou, lafyèb la kite l, epi madanm lan resevwa yo. Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ak tou sa ki gen movezespri sou yo bay Jezi. Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la. Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi. Li te chase anpil move lespri. Men, li pat kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye. Nan granmaten, byen bonè, li pat ankò fè klè, Jezi leve, li sòti li kite lavil la, l'al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè. Simon ak lòt zanmi l yo sòti, yo t'ap chache Jezi. Lè yo jwenn li, yo di l konsa: — Tout moun ap chache ou wi. Men li reponn yo: — Annou ale nan lòt bouk alantou yo tou pou m'ka preche moun yo. Paske se pou sa mwen vini. Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo. Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi. Li tonbe ajenou devan li, li mande l sekou. Li di l konsa: — Si ou vle, ou kapab geri mwen. Kè Jezi fè l mal, li lonje men l, li manyen nonm lan, li di li: — Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite l, li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Apre sa, Jezi voye l ale, li pase l lòd byen sevè. Li di l konsa: — Piga ou pale sa ak pèsonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa w'a bay tout moun prèv ou geri. Men nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa te ka antre nan okenn lòt vil san moun pa wè li. Li te pito rete apa poukont li kote ki pa gen moun. Men moun te soti toupatou vin jwenn li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an