Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouray. Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè. Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a. Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou. Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye. Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li. Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. — Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
Li Matye 5
Koute Matye 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 5:3-12
7 Jou
Jezi te pataje ansèyman sou plizyè sijè—tankou benediksyon ki dire lontan, adiltè, lapriyè, ak plis ankò. Ki sans mesaj sa a genyen pou moun jodi a? Chak jou, yon ti videyo montre yon pasaj nan ansèyman li yo.
21 Days
Start your new year with a focus on the spiritual discipline of fasting. This plan includes several passages about fasting and others that encourage reflection and closeness to God. For 21 days, you'll get a daily Bible reading, a brief devotional, reflection questions, and a prayer focus. For more content, check out www.finds.life.church.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo