Matye 4:18-25

Matye 4:18-25 HAT98

Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li. Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden.