Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 4:1-10

Matye 4:1-10 HAT98

Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li. Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou. Apre sa, dyab la pran direksyon Jerizalèm ak li. Li mete li kanpe sou tèt tanp lan. Li di Jezi konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, lage tèt ou anba. Paske men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo, pou pa frape pye ou nan okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo. Li di l konsa: — M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m pou ou adore m. Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi.

Li Matye 4

Koute Matye 4

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Matye 4:1-10

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo