Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 3:11-17

Matye 3:11-17 HAT98

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. Lè sa a, Jezi sòti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pat dakò pou sa menm. Li di l: — Se ou ki pou ta batize m, epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m batize ou? Jezi reponn li: — Kite sa fèt konsa kounyeya. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pat kenbe tèt avè l ankò. Fini Jan fin batize l, Jezi sòti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: — Sa a se pitit mwen, m' renmen li anpil. Li ban m' anpil anpil kè kontan.

Li Matye 3

Koute Matye 3

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Matye 3:11-17

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo