Matye 3:11-17
Matye 3:11-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. Lè sa a, Jezi sòti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pat dakò pou sa menm. Li di l: — Se ou ki pou ta batize m, epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m batize ou? Jezi reponn li: — Kite sa fèt konsa kounyeya. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pat kenbe tèt avè l ankò. Fini Jan fin batize l, Jezi sòti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: — Sa a se pitit mwen, m' renmen li anpil. Li ban m' anpil anpil kè kontan.
Matye 3:11-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Moi, je vous baptise dans l’eau, pour montrer que vous changez votre vie. Mais celui qui vient après moi est plus puissant que moi. Je ne suis pas digne de lui enlever ses sandales. Lui, il vous baptisera avec le feu de l’Esprit Saint. Dans la cour, il tient son van dans les mains pour séparer le grain de la paille. Il va ranger son grain dans le grenier, mais la paille, il va la brûler dans le feu qui ne s’éteint pas. » Alors Jésus vient de la Galilée jusqu’au Jourdain. Il arrive auprès de Jean pour que Jean le baptise, mais Jean n’est pas d’accord. Il dit à Jésus : « C’est moi qui ai besoin d’être baptisé par toi, et c’est toi qui viens vers moi ! » Jésus lui répond : « Accepte cela pour le moment. Oui, c’est ainsi que nous devons faire tout ce que Dieu demande. » Alors Jean accepte. Dès que Jésus est baptisé, il sort de l’eau. Au même moment, le ciel s’ouvre. Jésus voit l’Esprit de Dieu qui descend comme une colombe et qui vient sur lui. Une voix vient du ciel et dit : « Celui-ci est mon Fils très aimé. C’est lui que j’ai choisi avec joie. »
Matye 3:11-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men l pou l ka separe bon grenn yo ak pay yo. L ap mete bon grenn yo nan depo, epi l ap lage pay yo nan yon dife ki p ap janm etenn.” Nan menm epòk la, Jezi soti nan rejyon Galile, li vini bò larivyè Jouden an paske li te vle pou Jan batize l. Men, Jan t ap chache yon fason pou l di non. Li di Jezi konsa: “Se mwen ki ta pou vin jwenn ou pou ou batize m, pouki ou vin jwenn mwen?” Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi. Se kon sa Jezi te resevwa batèm nan. Touswit apre li te soti nan dlo a, syèl la te louvri. Lè sa a, Jezi wè Sentespri a tankou yon pijon ki t ap desann sou li. Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”
Matye 3:11-17 New International Version (NIV)
“I baptize you with water for repentance. But after me comes one who is more powerful than I, whose sandals I am not worthy to carry. He will baptize you with the Holy Spirit and fire. His winnowing fork is in his hand, and he will clear his threshing floor, gathering his wheat into the barn and burning up the chaff with unquenchable fire.” Then Jesus came from Galilee to the Jordan to be baptized by John. But John tried to deter him, saying, “I need to be baptized by you, and do you come to me?” Jesus replied, “Let it be so now; it is proper for us to do this to fulfill all righteousness.” Then John consented. As soon as Jesus was baptized, he went up out of the water. At that moment heaven was opened, and he saw the Spirit of God descending like a dove and alighting on him. And a voice from heaven said, “This is my Son, whom I love; with him I am well pleased.”
Matye 3:11-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Moi, je vous baptise dans l’eau, en signe d’un profond changement. Mais quelqu’un vient après moi : il est bien plus puissant que moi et je ne suis même pas digne de lui enlever les sandales. C’est lui qui vous baptisera dans le Saint-Esprit et le feu. Il tient en main sa pelle à vanner. Il va nettoyer son aire de battage et amasser le blé dans son grenier. Quant à la bale, il la brûlera dans un feu qui ne s’éteindra pas. C’est à cette époque que parut Jésus. Il se rendit de la Galilée au Jourdain, auprès de Jean, pour être baptisé par lui. Mais Jean essaya de l’en dissuader. Il lui disait : C’est moi qui ai besoin d’être baptisé par toi, et c’est toi qui viens à moi ! Jésus lui répondit : Accepte, pour le moment, qu’il en soit ainsi ! Car c’est de cette manière qu’il nous convient d’accomplir tout ce que Dieu considère comme juste. Là-dessus, Jean accepta de le baptiser. Aussitôt après avoir été baptisé, Jésus sortit de l’eau. Alors le ciel s’ouvrit pour lui et il vit l’Esprit de Dieu descendre sous la forme d’une colombe et venir sur lui. Une voix venant du ciel déclara : Celui-ci est mon Fils bien-aimé, celui qui fait toute ma joie.