Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi. L'al jwenn Pilat, li mande l kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a. Jozèf pran kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan tou nèf. Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fenk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi l'al fè wout li. Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a. Nan denmen ki te lavèy jou preparasyon saba, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale kote Pilat. Yo di li: — Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve sòti vivan. Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa mesye leve sòti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a. Pilat di yo: — Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a. Y'ale Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo sele wòch ki te devan bouch kavo a byen sele, epi yo mete yon eskwad sòlda siveye li.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:57-66
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo