Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa anmenmtan avè l, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li. Yo t'ap di: — Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a! Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l nan rizib. Yo t'ap di: — Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l se wa pèp Izrayèl la, se pou l desann sou kwa a kounyeya. Lè sa a, n'a kwè nan li. Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulyeya si Bondye ap vin delivre li.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:38-43
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo