Antan Pilat te chita sou fòtèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: — Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi. Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas ba yo, pou l fè touye Jezi. Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: — Kilès nan de a nou vle m lage ban nou? Yo reponn: — Barabas.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:19-21
5 Jou
Nan tout kat levanjil yo, yo dekri krisifiksyon ak rezirèksyon Jezi. Nan moman Pak sa a, li sou kijan Jezi te sibi trayizon, doulè, ak imilyasyon sou kwa a anvan li te transfòme mond lan gras a lespwa rezirèksyon li pote. Chak jou, yon ti videyo ap ilistre yon pati nan istwa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo