Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li. Apre yo fin mare l, yo mennen l ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a. Jida menm, sila ki te trayi Jezi a, lè li wè yo te kondannen Jezi, remò pran li. Li pote trant pyès lajan an tounen renmèt chèf prèt yo ak chèf fanmi yo. Li di konsa: — Sa m fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: — Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou. Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li sòti, l'ale pann tèt li.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo