Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. Antan yo t'ap manje, Jezi di yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li:
— Eske se mwen menm, Mèt?
Li reponn yo:
— Moun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt.
Jida ki ta pral trayi l la pran lapawòl, li di:
— Mèt, eske se mwen menm?
Jezi reponn li:
— Se ou ki di li.
Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di:
— Pran, manje. Sa a se kò mwen.
Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di:
— Se pou nou tout nou bwè ladan li. Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a.
Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo sòti, y'ale sou mòn Oliv la.
Lè sa a, Jezi di disip li yo:
— Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa. Men, apre sa, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.
Pyè pran lapawòl, li di li:
— Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.
Jezi di li:
— Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.
Pyè reponn li:
— Menm si m ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou.
Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo:
— Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen.
Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li. Li di yo:
— Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou.
L'al yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè konsa:
— O Papa mwen. Si se posib, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa:
— Kouman? Nou pat kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
Li kite yo, l'ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa:
— O Papa m, si se pou m bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l devan je m, ou mèt fè l jan ou vle a.
Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo. Li kite yo, l ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo. Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di:
— N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo. Leve non, ann ale. Men moun k'ap trayi m lan ap vini.
Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li. Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li. Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li:
— Bonswa, Mèt.
Epi l bo Jezi. Jezi di li:
— Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li.
Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li. Jezi di l konsa:
— Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou. Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.