Matye 26:20-54

Matye 26:20-54 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm, Mèt? Li reponn yo: — Moun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Jida ki ta pral trayi l la pran lapawòl, li di: — Mèt, eske se mwen menm? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di: — Pran, manje. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di: — Se pou nou tout nou bwè ladan li. Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a. Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo sòti, y'ale sou mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa. Men, apre sa, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile. Pyè pran lapawòl, li di li: — Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou. Jezi di li: — Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè reponn li: — Menm si m ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou. Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: — Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen. Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: — Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou. L'al yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè konsa: — O Papa mwen. Si se posib, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a. Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Kouman? Nou pat kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb. Li kite yo, l'ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: — O Papa m, si se pou m bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l devan je m, ou mèt fè l jan ou vle a. Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo. Li kite yo, l ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo. Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: — N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo. Leve non, ann ale. Men moun k'ap trayi m lan ap vini. Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li. Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li. Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: — Bonswa, Mèt. Epi l bo Jezi. Jezi di li: — Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li. Jezi di l konsa: — Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou. Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.

Matye 26:20-54 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

C’est le soir. Jésus s’installe pour le repas avec les douze apôtres. Pendant qu’ils sont en train de manger, Jésus dit : « Je vous l’affirme, c’est la vérité : l’un de vous va me livrer. » Les disciples deviennent tout tristes et ils se mettent à lui demander l’un après l’autre : « Seigneur, est-ce que c’est moi ? » Jésus leur répond : « Celui qui a mis la main avec moi dans le même plat , c’est lui qui va me livrer. Le Fils de l’homme va mourir, comme les Livres Saints l’annoncent. Mais quel malheur pour celui qui livre le Fils de l’homme ! Pour cet homme-là, ce serait une bonne chose de ne pas être né ! » Judas, celui qui va livrer Jésus, lui demande : « Maître, est-ce que c’est moi ? » Jésus lui répond : « C’est toi qui le dis. » Pendant le repas, Jésus prend du pain. Il dit la prière de bénédiction, il partage le pain et le donne à ses disciples en disant : « Prenez et mangez, ceci est mon corps. » Ensuite il prend une coupe de vin. Il remercie Dieu et il donne la coupe à ses disciples en disant : « Buvez-en tous. Oui, ceci est mon sang, le sang de l’alliance de Dieu. Il est versé pour un grand nombre de gens, pour le pardon des péchés. Je vous le dis, je ne boirai plus de ce vin, jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau, avec vous, dans le Royaume de mon Père. » Ils chantent les psaumes de la fête. Ensuite ils vont au mont des Oliviers. Alors Jésus dit à ses disciples : « Cette nuit, vous allez tous m’abandonner. En effet, dans les Livres Saints on lit : “Je vais tuer le berger, et les moutons du troupeau partiront de tous les côtés .” » Jésus ajoute : « Mais, quand je me réveillerai de la mort, je vous attendrai en Galilée. » Pierre lui dit : « Tous les autres t’abandonneront peut-être, mais moi, je ne t’abandonnerai jamais ! » Jésus lui répond : « Je te le dis, c’est la vérité : cette nuit, avant que le coq chante, tu diras trois fois que tu ne me connais pas. » Pierre lui dit : « Même si je dois mourir avec toi, je ne dirai jamais que je ne te connais pas ! » Et tous les disciples disent la même chose. Jésus arrive avec ses disciples à un endroit appelé Gethsémané. Il leur dit : « Asseyez-vous ici, pendant que je vais prier là-bas. » Il emmène avec lui Pierre et les deux fils de Zébédée. Il commence à être triste et très effrayé. Alors il leur dit : « Mon cœur est triste jusqu’à mourir. Restez ici, restez éveillés avec moi. » Il va un peu plus loin, il se jette par terre, le front contre le sol. Et il prie en disant : « Mon Père, si c’est possible, éloigne de moi cette coupe de souffrance ! Pourtant, ne fais pas comme je veux, mais comme tu veux ! » Jésus revient vers les trois disciples et les trouve endormis. Il dit à Pierre : « Vous n’avez pas pu rester éveillés avec moi, même pendant une heure ! Restez éveillés et priez pour pouvoir résister quand l’esprit du mal vous tentera. Vous désirez faire le bien, mais vous n’avez pas la force de résister au mal. » Une deuxième fois, Jésus va plus loin, et il prie en disant : « Mon Père, si tu ne peux pas éloigner cette coupe de moi, si je dois la boire, fais que j’obéisse à ta volonté. » Il revient encore vers les disciples et les trouve endormis. Ils ne peuvent pas garder leurs yeux ouverts. Jésus les quitte, il s’éloigne encore. Et, pour la troisième fois, il prie en disant les mêmes paroles. Ensuite, il revient vers les disciples et leur dit : « Vous dormez encore et vous vous reposez ? Attention, c’est le moment ! Le Fils de l’homme va être livré aux pécheurs ! Levez-vous, allons ! Voyez, l’homme qui me livre est arrivé ! » Pendant que Jésus dit cela, Judas, l’un des douze apôtres, arrive. Il y a avec lui une foule nombreuse de gens avec des armes et des bâtons. Ils viennent de la part des chefs des prêtres et des anciens du peuple. Judas, celui qui livre Jésus, a déjà expliqué à la foule ce qu’il va faire. Il leur a dit : « L’homme que je vais embrasser, c’est lui ! Arrêtez-le. » Judas s’approche tout de suite de Jésus en disant : « Salut, Maître ! » Et il l’embrasse. Jésus lui répond : « Mon ami, fais ce que tu dois faire. » Alors les gens s’approchent, ils mettent la main sur Jésus et ils l’arrêtent. Un des disciples de Jésus prend son épée. Il attaque le serviteur du grand-prêtre et lui coupe l’oreille. Jésus lui dit : « Remets ton épée à sa place. En effet, tous ceux qui prennent des armes seront tués par des armes. Tu crois que je ne pourrais pas appeler mon Père ? Il m’enverrait tout de suite plus de douze armées d’anges. Mais alors, ce que les Livres Saints disent ne se réaliserait pas ! En effet, ils disent que les choses doivent se passer de cette façon. »

Matye 26:20-54 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.” Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.” Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn li: “Se ou ki di l!” Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.” Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.” Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a. Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a, epi mouton yo ap gaye toupatou. Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.” Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.” Jezi reponn li: “An verite, m ap di w sa: aswè a menm, anvan menm kòk chante, w ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè di li: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, m p ap janm di m pa konnen w.” Epi tout lòt disip yo di menm bagay la tou. Apre sa Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: “Rete la! M pral yon ti kras pi lwen pou m al lapriyè.” Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.” Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.” Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn y ap dòmi. Li di Pyè: “Sa vle di, ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.” Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.” Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn disip yo ap dòmi paske je yo te twò lou pou yo te ret ouvè. Konsa, li fè yon deplase ankò, epi l fè menm priyè l te gen tan fè de fwa deja. Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo. Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.” Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton. Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l.” Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. Men Jezi di l: “Zanmi m, sa ou vin pou fè a, fè l.” Apre sa, moun ki te avèk Jida yo, pwoche bò kot Jezi epi yo met men sou li, yo arete l. Youn nan moun ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li atake sèvitè Chèf Prèt la, li koupe zòrèy li. Jezi di moun ki te rale nepe a: “Mete nepe a nan fouwo l. Moun ki goumen ak nepe, nepe k ap touye l. Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj? Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.”

Matye 26:20-54 New International Version (NIV)

When evening came, Jesus was reclining at the table with the Twelve. And while they were eating, he said, “Truly I tell you, one of you will betray me.” They were very sad and began to say to him one after the other, “Surely you don’t mean me, Lord?” Jesus replied, “The one who has dipped his hand into the bowl with me will betray me. The Son of Man will go just as it is written about him. But woe to that man who betrays the Son of Man! It would be better for him if he had not been born.” Then Judas, the one who would betray him, said, “Surely you don’t mean me, Rabbi?” Jesus answered, “You have said so.” While they were eating, Jesus took bread, and when he had given thanks, he broke it and gave it to his disciples, saying, “Take and eat; this is my body.” Then he took a cup, and when he had given thanks, he gave it to them, saying, “Drink from it, all of you. This is my blood of the covenant, which is poured out for many for the forgiveness of sins. I tell you, I will not drink from this fruit of the vine from now on until that day when I drink it new with you in my Father’s kingdom.” When they had sung a hymn, they went out to the Mount of Olives. Then Jesus told them, “This very night you will all fall away on account of me, for it is written: “ ‘I will strike the shepherd, and the sheep of the flock will be scattered.’ But after I have risen, I will go ahead of you into Galilee.” Peter replied, “Even if all fall away on account of you, I never will.” “Truly I tell you,” Jesus answered, “this very night, before the rooster crows, you will disown me three times.” But Peter declared, “Even if I have to die with you, I will never disown you.” And all the other disciples said the same. Then Jesus went with his disciples to a place called Gethsemane, and he said to them, “Sit here while I go over there and pray.” He took Peter and the two sons of Zebedee along with him, and he began to be sorrowful and troubled. Then he said to them, “My soul is overwhelmed with sorrow to the point of death. Stay here and keep watch with me.” Going a little farther, he fell with his face to the ground and prayed, “My Father, if it is possible, may this cup be taken from me. Yet not as I will, but as you will.” Then he returned to his disciples and found them sleeping. “Couldn’t you men keep watch with me for one hour?” he asked Peter. “Watch and pray so that you will not fall into temptation. The spirit is willing, but the flesh is weak.” He went away a second time and prayed, “My Father, if it is not possible for this cup to be taken away unless I drink it, may your will be done.” When he came back, he again found them sleeping, because their eyes were heavy. So he left them and went away once more and prayed the third time, saying the same thing. Then he returned to the disciples and said to them, “Are you still sleeping and resting? Look, the hour has come, and the Son of Man is delivered into the hands of sinners. Rise! Let us go! Here comes my betrayer!” While he was still speaking, Judas, one of the Twelve, arrived. With him was a large crowd armed with swords and clubs, sent from the chief priests and the elders of the people. Now the betrayer had arranged a signal with them: “The one I kiss is the man; arrest him.” Going at once to Jesus, Judas said, “Greetings, Rabbi!” and kissed him. Jesus replied, “Do what you came for, friend.” Then the men stepped forward, seized Jesus and arrested him. With that, one of Jesus’ companions reached for his sword, drew it out and struck the servant of the high priest, cutting off his ear. “Put your sword back in its place,” Jesus said to him, “for all who draw the sword will die by the sword. Do you think I cannot call on my Father, and he will at once put at my disposal more than twelve legions of angels? But how then would the Scriptures be fulfilled that say it must happen in this way?”

Matye 26:20-54 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Le soir, Jésus se mit à table avec les Douze et, pendant qu’ils mangeaient, il dit : Vraiment, je vous l’assure : l’un de vous me trahira. Les disciples en furent consternés. Ils se mirent, l’un après l’autre, à lui demander : Seigneur, ce n’est pas moi, n’est-ce pas ? En réponse, il leur dit : C’est un qui a trempé son pain dans le plat avec moi, lui, il me trahira. Certes, le Fils de l’homme s’en va conformément à ce que les Ecritures annoncent à son sujet. Mais malheur à celui qui le trahit ! Il aurait mieux valu pour lui n’être jamais né ! A son tour, Judas, qui le trahissait, lui demanda : Maître, ce n’est pas moi, n’est-ce pas ? – Tu le dis toi-même, lui répondit Jésus. Au cours du repas, Jésus prit du pain puis, après avoir prononcé la prière de reconnaissance, il le partagea en morceaux, puis il les donna à ses disciples, en disant : Prenez, mangez, ceci est mon corps. Ensuite il prit une coupe et, après avoir remercié Dieu, il la leur donna en disant : Buvez-en tous ; ceci est mon sang, par lequel est scellée l’alliance. Il va être versé pour beaucoup d’hommes, afin que leurs péchés soient pardonnés. Je vous le déclare : désormais, je ne boirai plus du fruit de la vigne jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau avec vous dans le royaume de mon Père. Après cela, ils chantèrent les psaumes de la Pâque. Ensuite, ils sortirent pour se rendre au mont des Oliviers. Jésus leur dit alors : Cette nuit, ce qui m’arrivera vous ébranlera tous dans votre foi. En effet, il est écrit : Je frapperai le berger, et les brebis du troupeau seront dispersées . Néanmoins, quand je serai ressuscité, je vous précéderai en Galilée. Pierre prit la parole et lui dit : Même si tous les autres sont ébranlés à cause de ce qui t’arrivera, moi je ne le serai pas ! Jésus reprit : Vraiment, je te l’assure : cette nuit même, avant que le coq ait chanté, tu m’auras renié trois fois. Pierre réaffirma : Même s’il me fallait mourir avec toi, je ne te renierai pas. Et tous les disciples dirent la même chose. Là-dessus, Jésus arriva avec eux en un lieu appelé Gethsémané. Il dit à ses disciples : Asseyez-vous ici pendant que je vais prier là-bas. Il prit avec lui Pierre et les deux fils de Zébédée. Il commença à être envahi d’une profonde tristesse, et l’angoisse le saisit. Alors il leur dit : Je suis accablé de tristesse, à en mourir. Restez ici et veillez avec moi ! Puis il fit quelques pas, se laissa tomber la face contre terre, et pria ainsi : O Père, si tu le veux, écarte de moi cette coupe! Toutefois, que les choses se passent, non pas comme moi je le veux, mais comme toi tu le veux. Ensuite, il revint auprès des disciples et les trouva endormis. Il dit à Pierre : Ainsi, vous n’avez pas été capables de veiller une seule heure avec moi ! Veillez et priez, pour ne pas céder à la tentation. L’esprit de l’homme est plein de bonne volonté, mais la nature humaine est bien faible. Puis il s’éloigna une deuxième fois, et se remit à prier en disant : O mon Père, s’il n’est pas possible que cette coupe me soit épargnée, s’il faut que je la boive, alors, que ta volonté soit faite. Il revint encore vers ses disciples et les trouva de nouveau endormis, car ils avaient tellement sommeil qu’ils n’arrivaient pas à garder les yeux ouverts. Il les laissa donc, et s’éloigna de nouveau. Pour la troisième fois, il pria en répétant les mêmes paroles. Lorsqu’il revint auprès de ses disciples, il leur dit : Vous dormez encore et vous vous reposez! L’heure est venue où le Fils de l’homme est livré entre les mains des pécheurs. Levez-vous et allons-y. Car celui qui me trahit est là. Il n’avait pas fini de parler que Judas, l’un des Douze, survint, accompagné d’une troupe nombreuse armée d’épées et de gourdins. Cette troupe était envoyée par les chefs des prêtres et les responsables du peuple. Le traître avait convenu avec eux d’un signe en disant : Celui que j’embrasserai, c’est lui, saisissez-vous de lui. Aussitôt, il se dirigea vers Jésus et lui dit : Bonsoir, Maître ! Et il l’embrassa. – Mon ami, lui dit Jésus, ce que tu es venu faire ici, fais-le ! Alors les autres s’avancèrent et, mettant la main sur Jésus, ils se saisirent de lui. A ce moment, l’un des compagnons de Jésus porta la main à son épée, la dégaina, en frappa le serviteur du grand-prêtre et lui emporta l’oreille. Jésus lui dit : Remets ton épée à sa place, car tous ceux qui se serviront de l’épée mourront par l’épée. Penses-tu donc que je ne pourrais pas faire appel à mon Père ? A l’instant même, il enverrait des dizaines de milliers d’anges à mon secours. Mais alors, comment les Ecritures, qui annoncent que tout doit se passer ainsi, s’accompliraient-elles ?